Dokiman Revni/Byen

Yo pap konsidere yon aplikasyon konplè, epi yo pap trete yon asistans, amwens ke yo bay tout dokiman ki aplikab pou tout moun nan kay la, nan delè/dat ki endike.

  • Bay yon (1) kopi dokiman obligatwa pou chak sous revni aplikab ke TOUT manm nan kay la ki abite nan inite lojman an resevwa.
  • Verifikasyon ekri benefis SSA/SSI/SSDI ki soti nan Administrasyon Sekirite Sosyal (sa vle di deklarasyon benefis oswa TPQY)
  • Koupon AFDC/TANF/Food Stamp/Lèt Depatman Timoun ak Fanmi (DCF)
  • Deklarasyon Benefis Chomaj oswa deklarasyon notarye ki eksplike kliyan an pa resevwa benefis chomaj
  • Deklarasyon Benefis Veteran (si sa aplikab)
  • Deklarasyon Pansyon (si sa aplikab)
  • Verifikasyon peman alimantasyon/separasyon (si sa aplikab)
  • Papye Asistans Sipò pou Timoun (aplikab sèlman nan kay ki gen timoun)
  • Verifikasyon Revni Travay:
  • Fòm Verifikasyon Travay anplwayè a ranpli OSWA
    • Verifikasyon ekri travay ke yon tyès pati delivre (sa vle di kopi souch chèk pewòl) OSWA
    • Afidavi chomaj, si w pap travay
  • Relve labank ki pi resan pou de mwa konsekitif (sòf kont la te louvri nan lespas de mwa) (si sa aplikab )

Si ou menm (oswa yon manm nan kay ou) se yon travayè endepandan, ou dwe bay atik sa yo:

  • deklarasyon taks 2019 ki siyen
  • kopi Deklarasyon pwofi ak pèt aktyèl ki siyen (janvye 2020 jiska kounye a)

Si w Mande Asistans pou Lwaye

  • Kopi kontra lwaye aktyèl la ki siyen (mèt kay/lokatè dwe siyen)
  • Kopi deklarasyon lwaye ke w dwe ak/oswa avi reta pou lwaye ou dwe\

Si w Mande Asistans pou Itilite (elektrisite, dlo, gaz)

  • Kopi deklarasyon sèvis itilite ou dwe ak/oswa avi reta pou sèvis itilite ou dwe

Anba a se pou aplikasyon mèt kay la

Dokiman Pwopriyetè yo dwe bay

  • Kopi kontra lwaye aktyèl la ki siyen (mèt kay/lokatè dwe siyen)
  • Dosye lwaye oswa liv regleman mèt kay ki montre lwaye a polo peye
  • Fòm W-9 IRS (nou va voye ba ou fòm vid)
  • Fòm Depo Dirèk ACH (nou va voye ba ou fòm vid)

REMAK: Camillus House rezève dwa pou mande dokiman adisyonèl, si sa nesesè. Fason pou Soumèt Dokiman elektwonikman: 

Ki Moun Ki Elijib Pou Pwogram Sa A

Pwogram sa a fèt pou sèvi moun ki gen revni fèb. Pou detèmine si ou ranpli kondisyon elijibilite revni, gade tablo ki anba a epi gade revni maksimòm ki pèmèt kay ou kalifye pou asistans sa a. “Moun ki ap viv nan kay la” gen ladan alatèt kay la (aplikan).

Limit RevniLimit Revni Maksimòm pou chak kantite moun ki ap viv nan kay la
12345678910
Trè ba (50%)$32,000$36,600$41,150$45,700$49,400$53,050$56,700$60,350$64,000$67,650